Friday, June 4, 2010

Lanmou San Fontie

Menm si ke se anba fose pou peyi’a kenbe plas li na lis peyi pov yo, san pep la toujou koule “ble & Rouj.” Lanmou patriyotik sila pa gen parey. Pep la leve drapo li pi wo malgre gouvenman magouye, imiliasyon ak ront, neglijans ak mepri comminote entenasyonal lan. Yo ta menm fe konpran’n ken an tou peyi nan emisfe oksidantal yo, se ayiti ki pi mal. Men pou nou menm konpatriyot se ti paradi nou li ye. Yo met di say o vle yo pap janmen jwenn bout lanmou pep ayisien genyen pou ti peyi rev sila.

Rapadoo